Cybercarnet

Radio Boussole

Écouter en Direct
Radio Boussole

Fanmi Lavalas on Facebook

Yon lavalasyen se yon patriyòt.
Yon bon lavalasyen se yon bon patriyòt.
Lavalas se linyon fè lafòs.
Jean Bertrand Aristide

MANMAN LWA ÒGANIZASYON FANMI LAVALAS
Chapit 1


OGANIZASYON

Atik 1
Daprè règleman sa yo nou pral site la a, gen yon Òganizasyon ki fòme. Òganizasyon sa pran angajman pou respekte konstitisyon Peyi a, ansanm ak prensip fondamantal libète, egalite, tèt ansanm ak solidarite.

Atik 2
Òganizasyon sa a rele Fanmi Lavalas. Direksyon Òganizasyon sa a chita nan Pòtoprens men li kapab nenpòt lòt kote nan peyi a si sa ta nesesè.

Atik 3
Senbòl Fanmi Lavalas la se yon tab ki make "Lavalas". Gen senk (5) moun ki chita bò tab sa a.

Atik 4
Koulè Òganizasyon an se ble ak wouj.

Atik 5
Òganizasyon sa a travay pou li:

a) pèmèt tout Ayisyen fè pwogrè nan kesyon politik, ekonomi, sosyete ak lakilti nan yon Leta ki chita sou lalwa;
b) fè tout Ayisyen rive gen menm chans;
c) fè yo devlope nan diyite ak respè dwa yo;
d) tabli yon politik ki ap bon pou tout sosyete a ;
e) ede manm li yo pase nan eleksyon pou kèlkeswa pòs la;
f) Kore pwogram manm Òganizasyon an te bati a, fè yo konnen li tout kote epi fè yo swiv li.


Chapit 2
MANM ÒGANIZASYON AN

Atik 6
Moun ki ka manm Òganizasyon an se:

  • tout Ayisyen ki deja gen 18 an epi ki ap defann lajistis, lapè, libète, demokrasi ak dwa moun;
  • tout moun ki vle lite pou pi pòv yo avanse nan sosyete a epi kwè nan eksperyans 16 desanm 1990 la;
  • tout pitit peyi a, gason kou fanm, jenn moun tankou granmoun, rich kou pòv ki ap goumen pou gen nan Peyi a yon Leta ki
    chita sou lalwa;
  • tout Ayisyen ki ap viv nan dizyèm depatman an epi ki deside mete ansanm avèk nou poun kontinye travay pou delivrans ak devlòpman Ayiti cheri nou an.

Atik 7
Se prensip Òganizasyon an ki ap di kijan pou yon moun vini manm li.

Atik 8
Manm Òganizasyon Fanmi Lavalas yo kapab nan lòt gwoup, lòt Òganizasyon oubyen lòt asosyasyon, men yo paka nan lòt pati politik.


Chapit 3
TI FANMI YO

Atik 9
Manm Òganizasyon an mete tèt yo ansanm pou yo fòme Ti Fanmi nan Peyi a tankou nan dizyèm depatman. Yo aksepte suiv tout prensip ak règleman Oganizasyon an.

Atik 10
Kowòdinasyon nasyonal la asepte epi rekonèt tout manm Òganizasyon an ki fòme Ti Fanmi.

Atik 11
Chak Ti Fanmi gen yon dizèn manm. Nou kapab jwenn pliziè Ti Fanmi nan yon seksyon kominal, yon komin oswa yon depatman.

Atik 12
Yon manm Òganizasyon an pa gen dwa nan plizyè Ti Fanmi.


Chapit 4
ESTRIKTI ÒGANIZASYON AN

Atik 13
Gwoup ki dwe fè travay la se:

a) Kowòdinasyon seksyon kominal yo;
b) Kowòdinasyon kominal yo;
c) Kowòdinasyon depatmantal;
d) Kowòdinasyon nasyonal;
e) Komite ekzekitif.

Atik 14
Yon delege se reprezantan youn ou plizyè Ti Fanmi. Yo kapab chwazi li pou li manm yon kowòdinasyon seksyon kominal, komin, depatman oubyen Kowòdinasyon nasyonal la.

Atik 15
Gen twa (3) delege nan Kowodinasyon seksyon kominal la: de (2) ki pase nan eleksyon epi youn Kowodinasyon nasyonal la chwazi.

Atik 16
Gen twa (3) delege nan Kowòdinasyon kominal: de (2) ki pase nan eleksyon epi youn Kowòdinasyon nasyonal la chwazi. Gwoup delege ki la pou ede yo a, fòme ak kowòdinasyon tout seksyon kominal yo.

Atik 17
Gen twa (3) delege nan Kowòdinasyon depatmantal la: de (2) ki pase nan eleksyon epi youn Kowòdinasyon nasyonal la chwazi. Gwoup delege ki la pou ede yo a, fòme ak Kowòdinasyon kominal depatman an.

Atik 18
Le gen plizyè Kowòdinasyon nan yon komin, Kowòdinasyon depatmantal la dwe chwazi yon lè pou reyini tanzantan pou yo pale sou zafè tout komin nan.

Atik 19
Nou jwenn nan Kowòdinasyon nasyonal la:

a) Reprezantan nasyonal la;
b) Nef (9) delege, yo chak reprezante yon Kowòdinasyon depatmantal. Kowòdinasyon depatmantal la dwe bay reprezantan li a
yon manda pou (6) mwa. Li kapab vini avek youn oubyen de (2) delege Kowòdinasyon depatmantal nan reyinyon Kowòdinasyon nasyonal yo;
c) Konseye espesyal Reprezantan nasyonal la.
Si Reprezantan nasyonal la vle, chak manm sa yo kapab jwe wòl potpawòl Oganizasyon an bò kote pa yo. Manm Fanmi Lavalas yo chwazi nan eleksyon kòm palmentè, majistra oubyen pou nenpòt lòt pos nan Leta, kapab vini manm Kowòdinasyon seksyon kominal, depatmantal oubyen nasyonal la.

Atik 20
Kowòdinasyon nasyonal la se prensipal otorite pou òganize kongrè. Yo reyini 2 fwa nan ane a pou pi piti osnon chak fwa Reprezantan nasyonal la deside li.

Atik 21
Nan Komite eksekitif la gen:

a) Reprezantan nasyonal la;
b) Nef (9) delege, chak reprezante yon Kowòdinasyon depatmantal. Kowòdinasyon depatmantal la dwe bay reprezantan li a yon manda pou (6) mwa. Li kapab vini avèk youn (1) oubyen de (2) delege Kowòdinasyon depatmantal nan reyinyon Komite eksekitif yo;
c) Yon administratè;
d) Yon trezorye;
e) Yon sekretè;
f) Plizyè konseye espesyal Reprezantan nasyonal la oubyen espesyalis nan zafè politik, ekonomik, oubyen sosyal.

Atik 22
Komite eksekitif la gen pouvwa chwazi manm oubyen lòt moun pou travay sou divès kalite dosye. Moun sa yo ap fòme komisyon pou yo rive fè travay la pi byen.


Chapit 5
RESKONSABILITE

Atik 23
Daprè travay li, chak Kowòdinasyon dwe:

a) Miltipliye epi mobilize Ti Fanmi ki nan zòn pa li;
b) Bay lis delege tout Ti Fanmi ki nan zòn pa li, chak ane;
c) Ankourage lapè nan mitan Ti Fanmi yo;
d) Travay pou Ti Fanmi yo pwogrese nan devlope richès yo genyen kom moun e pwogrese tou nan aktivite ekonomik yo;
e) Fè Òganizasyon an mache byen;
f) Jwe wòl potpawòl ant manm li yo ak lòt branch nan Òganizasyon an;
g) Enfòme manm li yo, patisipe nan fòmasyon yo;
h) Kapab fòme gwoup travay epi ba yo manda ki respekte règleman entèn yo.

Atik 24
Chak ane, swasant (60) jou anvan 16 Desanm, chak gwoup Kowòdinasyon dwe bay Asanble delege ki ap ede li yon rapò ekri sou travay li.

Atik 25
Chak ane, trant (30) jou anvan 16 Desanm, chak gwoup Kowòdinasyon dwe bay Kowòdinasyon nasyonal Fanmi Lavalas yon rapò ekri sou tout aktivite li reyalize. Reprezantan nasyonal la kapab mande rapò sa a nenpòt ki moman.

Atik 26
Dapre travay li, Komite ekzektif Fanmi Lavalas dwe:

a) Fè Òganizasyon an mache byen;
b) Fòme tout komite ak komisyon ki nesesè pou fè travay Òganizasyon an mache byen;
c) Gen yon pouvwa jeneral ki pèmèt li kontwole epi fè respekte règleman Òganizasyon an. Nan menm ide sa a, li kapab fè ankèt epi selon rezilta yo, kanpe travay manm yo oubyen revoke yo. Li kapab fè yon Ti Fanmi, yon Kowòdinasyon mache sou zòd komite ekzekitif la, jan manman lwa Oganizasyon an mande li a;
d) Reyini tout sa ki nesesè pou ekri yon oryantasyon jeneral pou Òganizasyon an;
e) Egzekite depi se plan ak pwogram ki sòti nan Kowòdinasyon nasyonal ak nan kongrè a.

Atik 27
Komite ekzekitif la reyini yon (1) fwa chak uit (8) semèn oubyen chak lè Reprezantan nasyonal la mande li.

Atik 28
Daprè travay li, Kowòdinasyon nasyonal la dwe:

a) Fè Òganizasyon an mache jan kongrè a te deside li a;
b) Bay akò li sou bidjè Òganizasyon an Komite Ekzekitif la pote ba li;
c) Bay akò li sou rapò ki prezante resèt ak depans epi tout byen Òganizasyon an genyen;
d) Resevwa rapò Komite ekzekitif la epi chanje kèk lide si li nesesè depi sa pap vyole dwa lòt moun;
e) Pote presizyon sou jan Òganizasyon an dwe mache pandan lap swiv tout sa Kongrè a mande;
f) Ekzekite tout manda Kongrè a ba li epi bay rapò sou tout aktivite;
g) Fikse ki kantite Kowòdinasyon kominal ki nesesè pou fè Òganizasyon an mache byen.

Atik 29
Se Reprezantan nasyonal la ki gen pouvwa poul dirije Òganizasyon Fanmi Lavalas epi ki dwe veye pou tout bagay mache byen. Li reskonsab tout aktivite Òganizasyon an. Li la pou li defann dwa Òganizasyon an tout kote, fè yo konnen enpòtans travay Òganizasyon ap fè a epi li fè tout lòt travay manman lwa a mande. Pou kounye a, se Prezidan Jean-Bertrand Aristide yo vote kòm Reprezantan nasyonal.

Atik 30
Reprezantan nasyonal Oganizasyon an kapab chache moun pou ba li konsèy pou travay la fèt pi byen. Li va chwazi tou, youn oubyen pliziè pòtpawòl pou Òganizasyon an, si li jije sa nesesè.

Atik 31
Reprezantan nasyonal Òganizasyon an reskonsab tout manm Òganizasyon an ki pase nan eleksyon. Li fè yo reyini chak fwa li nesesè; se li menm ki dirije rankont sa yo.

Atik 32
Depi Reprezantan nasyonal la mouri oubyen li kite pòs la, plas la lib. Lè sa a, Komite ekzekitif la antann li avèk Kowòdinasyon nasyonal la pou li ranplase li anvan si (6) mwa. Pandan tan sa a, se Komite ekzekitif la ki kenbe plas la.

Atik 33
Kongrè a se tèt Òganizasyon an. Li fòme Asanble jeneral la kote tout manm yo kapab patisipe yo menm oubyen bay lòt moun reprezante yo.

Atik 34
Fòk gen yon (1) kongrè pou pi piti chak de (2) zan. Se Kowòdinasyon nasyonal Òganizasyon an ki la pou li chwazi ki jou ak ki kote kongrè sa yo ap fèt. Li kapab tou mande pou gen yon gwo reyinyon jeneral manm yo.

Atik 35
Sekretè Òganizasyon an ap fè Kowòdinasyon yo konnen ki dat, ki kote ak konbyen tan reyinyon an ap dire. Li ap fè yo jwenn tout enfòmasyon sa yo katrevendis (90) jou anvan dat ouvèti kongrè a.

Atik 36
Lè gen yon reyinyon jeneral espesyal, yo kapab kontakte Kowòdinasyon yo sèt (7) jou anvan dat la. Nan reyinyon sa a, yo pale sèlman sou kesyon ki te nan pwogram jounen an depi anvan.

Atik 37
Men ki manm pou yo envite nan yon Kongrè :

a) Manm Kowòdinasyon nasyonal;
b) Manm Kowòdinasyon depatmantal, Kowòdinasyon kominal ak Kowòdinasyon seksyon kominal;
c) Responsab ak sekretè komisyon pèmanan;
d) Envite espesyal Reprezantan nasyonal la;

Se sèl moun ki pa gen pwoblèm ak Òganizasyon an, ki gen dwa vote.

Atik 38
Kongrè a la pou li:

a) Adopte pwogam ak dokiman ofisyèl Òganizasyon an;
b) Adopte tout refòm nan manman lwa ak dokiman ofisyèl Òganizasyon an;
c) Adopte rapò sou fonksyonman ak kesyon lajan Òganizasyon an;
d) Chwazi yon oryantasyon jeneral pou Òganizasyon an;
e) Fè eleksyon Reprezantan nasyonal la.

Chapit 6
KOMISYON PÈMANAN

Atik 39
Komisyon pèmanan yo la pou yo ekzekite manda komite ekzekitif Òganizasyon an ba yo.
Chak ane, chak Komisyon dwe bay Komite ekzekitif Òganizasyon an yon plan travay ak yon rapò sou aktivitel.
Yon Komisyon kapab gen règleman entèn pa li, men fò Komite ekzekitif Òganizasyon an apwouve yo anvan.

Atik 40
Nan yon komisyon pèmanan, nou jwenn:

a) Yon reskonsab
b) Yon sekretè ak
c) Tout moun ki kapab ede li egzekite manda a.

Atik 41
Chak ane Reprezantan nasyonal la chwazi yon reskonsab ak yon sekretè pou chak komisyon pèmanan.

Atik 42
Komisyon animasyon ak Òganizasyon yo la pou òganize aktivite. Li kontwole fòmasyon manm Òganizasyon an epi li sipèvize travay yo tou.

Atik 43
Komisyon Finans lan la pou li regle kesyon finans Òganizasyon an. Li reskonsab jwenn lajan pou ede Òganizasyon an mache. Komisyon an ede yo prepare bidjè Òganizasyon an tou.

Atik 44
Komisyon Enfòmasyon an dwe travay pou fè enfòmasyon yo sikile nan tout branch Òganizasyon an epi fè konnen objektif pwogram Òganizasyon an. Se li ki responsab biwo laprès Òganizasyon an.

Atik 45
Komisyon Jenès la gen pou li fè jèn yo patisipe nan aksyon politik Òganizasyon an. Jèn yo se fòs Òganizasyon Fanmi Lavalas la.

Atik 46
Komisyon Jiridik la pou li ekri règ pou ede Òganizasyon an mache byen, epi pou li bay enfòmasyon sou tout kesyon jiridik tankou règleman ak lwa Òganizasyon an.

Atik 47
Komisyon Politik la gen misyon pou li bay Òganizasyon an direksyon epi pou li ede manm yo mete yon pwogram politik sou pye.

Atik 48
Komisyon Ti Fanmi an la pou li ede Ti Fanmi yo vini pi plis, li la pou li mobilize yo epi pou li kontwole lis tout delege ak Ti Fanmi yo; li dwe travay tou pou yo vanse pi lwen tankou nan politik ak ekonomi.

Chapit 7
FASON POU YO CHWAZI KANDIDA YO

Atik 49
Anvan eleksyon yo, Reprezantan nasyonal la ap òganize kèk rankont avèk Kowòdinasyon yo pou yo chwazi kandida yo. Si gen ijans oubyen pou yon rezon enpòtan, Reprezantan nasyonal la kapab oblije chwazi yon kandida li menm.

Atik 50
Sou chak twa (3) kandida Òganizasyon Fanmi Lavalas nou dwe jwenn yon fi.

Atik 51
Fok kandida yo swiv tout sa konstitisyon an mande.

Atik 52
Yon kandida se yon sitwayen ki:

a) Ap defann lajistis, lapè ak dwa moun;
b) Vle travay pou pòv yo chita bò tab devlòpman an;
c) Kwè nan esperyans 16 desanm 1990 la;
d) Konbat diskriminasyon sosyal;
e) Ap travay tout bon pou fè yo konnen Fanmi Lavalas la epi pou fè Òganizasyon an vanse;
f) Montre li bò kote Reprezantan nasyonal la ki li menm fèl konfyans;
g) Respekte desizyon yo pran nan Òganizasyon an.

Atik 53
Fòk kandida a montre:

a) Li se yon bon lidè nan Òganizasyon an ak nan zòn kote li ap prezante a;
b) Li se yon moun dwat;
c) Li kapab fè travay la;
d) Li kapab patisipe nan brase lide epi travay ansanm ak lòt moun.

Atik 54

h) Kandida a dwe patisipe nan kesyon lajan pou kanpay electoral li.

Atik 55
Yon manm Kowòdinasyon an ki vle vini kandida nan eleksyon yo dwe kite travay li ap fè nan Fanmi Lavalas la si (6) mwa anvan jou eleksyon yo.

Chapit 8
REFÒM NAN MANMAN LWA YO

Atik 56
Sekretè Òganizasyon an dwe jwenn yon pwojè refòm nan manman lwa a, karant (40) jou anvan jou ouvèti kongrè a. Sekretè a pote pwojè a devan Komite ekzekitif Òganizasyon an ki ap deside si yo ap kenbel.

Atik 57
Ven (20) jou anvan yo louvri kongrè a, Sekretè a fè tout delege yo jwenn tèks tout pwojè refòm Komite ekzekitif Òganizasyon an te asepte kenbe yo.

Atik 58
Se sèlman lè de (2) delege nan Asanble a sou twa (3) vote pou yon chanjman nan manman lwa a, nou di yo kenbel.
Se sèlman lè Komite ekzekitif la dakò, yo kapab pote chanjman nan yon pwojè refòm ki deja prezante devan Kongrè a.
Men, depi Reprezantan nasyonal la te deja deside yon bagay sou yon pwojè refòm pandan Kongrè a, yo pa kapab chanje anyen ladanl.

Chapit 9
KÈK ENFÒMASYON KI AP PÈMET NOU SÈVI AK DOKIMAN SA A PI BYEN

Atik 59
Pou konte kantite jou pou yon delè, moun pa gen pou konte premye jou a, men yo ap konte dènye a.

Atik 60
Lè yon atik pa presize si se fi oubyen gason ki konsènen, sa vle di ni youn ni lòt.

Atik 61
Nan kèk ka youn kapab vle di plizyè.

Atik 62
Otorite ki gen manda pou nonmen, gen manda tou pou revoke.

Atik 63
Pou evite konfizyon nan non Òganizasyon an, pèsonn pa gen dwa janm di ou ekri F.L. nan plas Fanmi Lavalas ou T.F.nan plas Ti Fanmi: Se entèdi. Pwen.