Nòt pou Laprès
Nan trete dosye kandida pou eleksyon 19 avril 2009 pou senatè yo, Konsèy Elektoral Pwovizwa a rejte 2 fwa tout kandida Òganizasyon Fanmi Lavalas yo. Yon premye fwa, nan dat 6 fevriye, swadizan pou pyès ki ta manke; yon dezyèm e dènye fwa nan dat 16 fevriye, sou pretèks yon zafè Reprezantan Nasyonal ki ta dwe bay manda. Nan fè analiz chemen Konsèy Elektoral la pran poul deside mete Òganizasyon Fanmi Lavalas deyò nan eleksyon yo, men sa Fanmi Lavalas konstate:
1) Nan dat 6 janvye 2009, Konsèy Elektoral Pwovizwa a mete Òganizasyon Fanmi Lavalas nan lis Pati Politik ki enskri pou patisipe nan eleksyon 19 avril pou senatè, san Konsèy la pa janm bay repons sou dosye Fanmi Lavalas depoze nan Konsèy la, konsenan desizyon ki mete yon Ekip Reskonsab Tètansanm pou Kondwi Annatandan Zafè Òganizasyon Fanmi Lavalas.
2) San Konsèy
Elektoral la pa janm bay repons sou dosye Ekip Reskonsab la,
Konsèy la asepte 16 moun enskri kòm kandida sou banyè
Òganizasyon Fanmi
Lavalas, alòske eleksyon yo se pou sèlman 12 pòs senatè.
3) Olye Konsèy
Elektoral la bay repons sou dosye Ekip Reskonsab la, nan dat desanm e nan
yon lèt plongaye, Konsèy la kache deyè yon kesyon 2 gwoup,
poul fè konprann li bezwen san delè, yon sèl lis kandida
Òganizasyon Fanmi Lavalas, e sil pa jwenn lis sa a, lap deside sou
dosye chak 16 kandida ki enskri sou banyè Fanmi Lavalas yo, grenn pa
grenn. Se nan jwèt eskiv sa a, Konsèy Elektoral la rejte yon
premye fwa tout kandida Fanmi Lavalas yo.
4) Devan anpil vwa ki leve nan anpil sektè nasyonal tankou entènasyonal
sou ki valè
eleksyon sa a yo ta genyen, si yo ta fèt san Fanmi Lavalas, Konsèy
Elektoral la rabat li sou yon zafè moun ki dwe gen manda Reprezantan
Nasyonal Òganizasyon Fanmi Lavalas pou ta enskri kandida Fanmi Lavalas
yo. Ak dezyèm eskiv sa a Konsèy la fè tankou Pons Pilat,
Konsèy la tou metel an pozisyon poul jistifye tou sal fè déjà,
e tou sal pare poul fè kont Fanmi Lavalas.
5) Malgre tout vire tounen
Konsèy Elektoral la, Òganizasyon Fanmi Lavalas jwenn antant
anndanl, sou 12 e sèlman 12 kandida Fanmi Lavalas, epi prezante lis
non yo bay Konsèy la ansanm ak non moun ki gen manda pou reprezante
Òganizasyon an bòkote Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Tou
sa fèt nan dat ak lè limit Konsèy la te fikse: lendi
16 fevriye, a 4 trè nan apremidi.
6) Menm jou sa a, nan aswè, Konsèy Elektoral la rejte tout 12
Kandida Fanmi Lavalas yo. Se konsa, nan sa ki konsènen eleksyon ki
ta dwe fèt pou senatè, nan dat 19 avril ane sa a, Konsèy
Elektoral Pwovizwa a chwazi, e deside voye nan kanpe lwen, Òganizasyon
Fanmi Lavalas.
Fanmi Lavalas pran nòt.
Òganizasyon Fanmi Lavalas se zouti politik majorite Pèp la.
Se vòt majorite Lavalas la ki, depi 16 desanm 1990 bay eleksyon kalite
demokratik e lejitim nan peyi a. Fanmi Lavalas ap rapousib travay li nan mitan
Pèp la, e kòm Òganizasyon Politik majorite Pèp
la, ki se pòv yo. Nan goumen pou dwal, dwa poul patisipe, dwa poul
chwazi reprezantanl, dwa poul viv tankou moun, Majorite pòv la pa janm
bay legen.
Lè tout manm patisipe nan desizyon sou zafè yon fanmi, sa ranfòse
lespri ak
abitid tètansanm nan fanmi an.
Patisipasyon ak tètansanm se garanti klate ak transparans nan desizyon
ak
aksyon anndan yon fanmi.
Klate ak transparans nan desizyon ak aksyon anndan yon fanmi, se bonjan sous
jistis nan fanmi sa a.
Pòtoprens 18 fevriye 2009.
Pou Kowòdinasyon Òganizasyon Fanmi Lavalas :
Yves CRISTALIN
Administratè
Stephen FRANCISQUE
Sekretè
Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se
LAVALAS



