Cybercarnet

Radio Boussole

Écouter en Direct
Radio Boussole

Fanmi Lavalas on Facebook

 

Òganizasyon Fanmi Lavalas
Fasilitasyon
Vanse nan kontinye mete kanpe
Remete ann eta pou fonksyone


Rapò sou pwogrè nan aktivite ki fèt
Soti fevriye 2007 rive 9 oktòb 2008.

Nan kòmansman lane 2007 la, yon gwoup òganizatè, Kad ak baz Fanmi Lavalas, yo konstate depi koudeta 29 fevriye 2004 la, Fanmi Lavalas non Sèlman pap mache nòmalman, men sa ki pi rèd, Òganizasyon an sanble pa egziste. Se poutèt sa, yo deside kole tètansanm pou ofri yon espas refleksyon ak ankourajman pou Òganizasyon rekòmanse mache kòmsadwa.

Depi periòd sa a, jisjounen jodi a, tout yon seri chita ansanm rive fèt. Se konsa plizyè aktivite reyalize avèk patisipasyon òganizatè, kad ak baz nan tout 10 depatman yo. Rapò sa a, se yon ranmase sou rezilta travay ki fèt avèk konkou Fasilitasyon an.

Depi fevriye 2007, divès reyinyon Reprezantan Òganizatè, Kad, Baz rive òganize. Se reyinyon sa yo ki mennen nan monte Gwoup Fasilitasyon an.

Se sou baz sa a, Gwoup Fasilitasyon an akonpaye nan reyalize nan Pòtoprens tout you seri lot reyinyon enpòtan anpil ki kondwi jisnan seremoni jodi a: reyinyon delegasyon 10 depatman yo sou eta sante Òganizasyon Fanmi Lavalas, 26 oktòb 2007, Fondasyon Aristide pou Demokrasi.

Reyinyon pou ankouraje travay remanbreman Fanmi Lavalas.

Delegasyon

, 13 novanm 2007, 10 delege

, 20 novanm 2007, 20 delege

Sant/Latibonit, 22 novanm 2007, 26 delege

Grandans /sid, 26 novanm 2007, 62 delege

Palmantè an fonksyon, 27 novanm 2007: Jonas Coffy, Pierre Jérome Valciné, Jean Roland Boiron, Sorel Francois, Astrel Dolne, Paul Olivar Richard e Faustin Poly.

Nip/Sidès, 28 novanm 2007, 38 delege

Nodès/Nodwès, 30 novann 2007, 40 delege

Lwès, premye desanm 2007, 133 delege

Kad, 7 desanm 2007, 47 delege

Ansyen Palmantè Fanmi Lavalas, 13 desanm 2007, 24 delege

Selil Nasyonal Refleksyon Baz Fanmi Lavalas, 21 desanm 2007.

Plato Santral, 3 fevriye 2008, 23 delege

16 avril 2008, konferans pou Laprès avèk patisipasyon tout 10 depatman yo, Lokal Sen Jan Bosko:

  • Besaj pou mande sispann tansyon, konfizyon, chèf pasi pala nan mitan Fanmi Lavalas.
  • Anons pwojè pou kreye yon Komisyon Spesyal Tètansanm pou Kondi Zafè Ijan Fanmi Lavalas ( pi devan, apre konsiltasyon, li vini Ekip Reskonsab Tètansanm pou Kondi Annatandan Zafè Fanmi Lavalas)

Lis reyinyon kote chak depatman ansanm ak lòt sektè nan Fanmi Lavalas chwazi moun ki pou manm Ekip Reskonsab sa a:

Reyinyon
20 avril 2008: prezans 50 moun.

Delege ki chwazi apre tètansanm nan depatman yo:

Olvy Emilcar Latibonit
Souverain Cléonor Sant
Appoléon Trompé Nodwès
Hedly Aspillaire Nip
Lindor Dubois Lwès Sid (Gresye, Leyogan, Grangwav ak TiGwav)
27 avril 2008:prezans 59 moun
Delegasyon 9 depatman (sòf Sid)
 

 

Delege ki chwazi apre tètansanm nan depatman yo

Augustin Chenet Nòdès
Jean Ernio Marc Grandans
Hudson Jn Baptiste
Louiner Jn Marie Sidès

Gwoup Fasilitasyon, moun ki chwazi: Annette Auguste,Yves Cristalin, Jonas Coffy, Joël Costumé, Stéphen Francisque.

Palmantè an fonksyon: Yvon Buissereth, Pierre Jérôme Valciné.

11me 2008, Prezans: 71 moun
Delege ki chwazi:
 
   
Philistin Myrtho Site Solèy
Josette Lhérissaint Nip
Charles P. Reynold Kafou
Fritz Mercius Lwès Ès (Taba, Kwadèboukè, Gantye, Fonvèrèt, Tomazo,
Kòniyon.)
Jeanson Guillaume Lwès Nò (Akayè, Kabarè)
Ernest Chevalier Dèlma
Frantz Camille Pòtoprens
Frantz Joseph Petyon Vil/Kenskof
Jean Mary Samedy Selil Nasyonal
Adrien Janvier Gwoup Sen Jan Bosko
Lesly Fareau Inisiyativ Popilè

Diferant rankont ak tout depatman yo, pèmèt pwojè pou kreye Ekip Reskonsab Tètansanm pou Kondi annatandan Zafè Ijan Fanmi Lavalas, rive preske nan bout li. Kontak kòmanse tabli e divès reyinyon fèt yon fason pou pran desizyon sou dat, ki jan e nan ki kondisyon Ekip Rekonsab Tètansanm nan prezante devan tout moun. Se konsa, malgre esè pou prezantasyon sa te fèt yon lè nan dat 30 me 2008, yon lòt lè nan dat 8 jen 2008, men malerezman akòz te manke bon jan kowòdinasyon tètansanm ant sektè konsène yo nan Fanmi Lavalas, mank sa a te anpeche dènye dat 13 jen an respekte. Poutan tout 10 depatman yo te deja pare pou reyinyon sa a.

Lè konsta fèt kote pifò òganizatè Fanmi Lavalas nan 10 depatman yo te enpasyan sou kesyon prezante Ekip Reskonsab la, Fasilitasyon an te rekonèt nesesite yon rankont ki t ap pèmèt divès kad ak lòt manm Fanmi Lavalas gen enfòmasyon sou kesyon Ekip Reskonsab Tètansanm nan, anvan prezantasyon ofisyèl la. E se pou tèt sa reyinyon 9 oktòb la te reyalize.

Denye travay Fasilitasyon an jiskaprezan se preparasyon seremoni prezantasyon Ekip Reskonsab Tètansanm pou Kondi annatandan Zafè Òganizasyon Fanmi Lavalas.

Men lis dokiman Gwoup Fasilitasyon an pwodwi e fè sikile nan tout 10 depatman yo e menm aletranje:

  • Remembrement de l'Organisation Fanmi Lavalas- Exigence et Urgence
    (novanm 2007)
  • 5 Gwo defi pou Òganizasyon Fanmi Lavalas. (Novanm 2007)
  • Proposition Comités ad hoc
  • Commission Spéciale de Consensus pour la Gestion des Affaires Urgentes de Fanmi Lavalas.(devenue après consultation : Equipe Responsable de Consensus pour la Gestion Provisoire des Affaires de Fanmi Lavalas).

N.B. Tout dokiman sa yo nan achiv Gwoup Fasilitasyon an pou tout moun ki enterese gade yo.

Liste des membres fondateurs de
l'Organisation Fanmi Lavalas

En exil et/ ou en dehors du pays.
Jean Bertrand ARISTIDE
Ernst MONTOBAN
Jean Marie Fourel CELESTIN
Henry Claude VOLTAIRE
Eva Mars TABUTEAU
Lesly BEAUSEJOUR
Mirlande LIBERUS
Joseph Sterne JEAN
Louis Gérol HENRY
Serge CALVIN ( regretté mémoire)
Martine LESCAGE
Raymonde RIVAL
Erl JEAN PIERRE
Yves VATEL
Levèque VALBRUN


Présents dans le pays

Clifford LAROSE
Yvon NÉPTUNE
Yves CRISTALIN
René CIVIL
Marise Gardère LEVEQUE
François SEVERIN
Pierre Frantz CHARLOT
Rodolphe MALBRANCHE
Franck THOMAS
Leslie VOLTAIRE
Mie. Claude PREVAL CALVIN
Jean Marie CHERESTAL
Fred JOSEPH
Fritz JEAN
Gladys LAUTURE
Frantz LALANE
Jacques DORCEAN
Elitane ATELUS
Gladys DELOUIS
Inéda JEAN BAPTISTE
Chimène SYLVESTRE
Jean Lucner PIERRE
Joachim ELIEN
Toussaint HILAIRE
Claudy ETIENNE