Règlements Internes
RÈGLEMAN
FANMI LAVALAS
Lè youn nan nou gen lafyèv,
Kò fanmi an cho.
Se pou sa nou deklare:
- Konpòtman yon manm Fanmi an konsène tout Fanmi an.
- Dyalog nan respè youn pou lòt, se yon gwo zam pou pwoteje egzistans Fanmi an
- Koreksyon fratènel ak sanksyon koreksyonèl, se bon medikaman pou kenbe sante Fanmi an anfòm.
- Pèsonn pa gen dwa sal repitasyon Fanmi an ou yon manm Fanmi an: rad sal lave an fanmi.
- Fanmi an pa gen dwa sitire pèsonn mache nan move zafè.
- Yon kowòdnasyon seksyon kominal, kominal, depatmantal, nasyonal, gen obligasyon fè koreksyon fratènel e pran sanksyon koreksyonèl chak fwa li nesesè.
- Lè kondwit youn nan nou ka avili tout Fanmi an, fok ka a trete san pèdi tan.
- Moun kap sal repitasyon Fanmi an oblije chanje konpòtman. Sinon, fok li jwenn sanksyon ou ekspilsyon.
- Yon ekspilsyon ka dire pou yon bout tan ou pou tout tan, selon gravite ka a.
- Sanksyon yo varye
selon gravite ka a:
- Yon lèt eskiz pou Fanmi an.
- Peye yon amann
- Pèdi dwa patisipe nan rankont enpòtan
- Pèdi posibilite al nan eleksyon kòm manm Fanmi an - Moun ki pa vle pote kole nan operasyon plante Ti Fanmi, kanpe kowòdinasyon, patisipe nan alfa ekonomk pa merite jwenn viza Fanmi an poul al nan eleksyon.
- Pèsonn pa gen dwa fè tèt li pase kòm kandida Fanmi an san yon otorizasyon ofisyèl.
- Twa mwa anvan demaray kanpay elektoral, fòk nou mezire fòs moralite ak fòs popilarite chak kandida ki ta vle vin kandida ofisyèl Fanmi an
- Apre yon eleksyon primè, kandida ki pa jwenn viza ofisyèl Fanmi an pa gen dwa deside al nan eleksyon kòm endepandan.
- Chak kandida ofisyèl Fanmi an dwe pote yon kotizasyon pèsonèl nan kanpay elektoral la.
- Fòk gen sanksyon sevè kont tout manm Fanmi an ki ta kite foli pouvwa fèl tonbe pèsekite Fanmi an.
- Kotizasyon pou kanpay Alfa a obligatwa pou tout manm Fanmi an ki pa nan chomaj.
- Chak ti Fanmi dwe veye pou tout manm Ti Fanmi an konn li, ekri e patisipe nan alfa ekonomik.
- Ti Fanmi yo ou Kowòdinasyon yo dwe reyini o mwen yon fwa chak mwa.
- Chak manm Fanmi an oblije gen Konstitisyon an e travay pou Konstitisyon an mache toupatou.
Règleman sa yo se bon angrè pou nouri ni rasin Fanmi an, ni rasin Fanmi ayisyen an paske:
Yon lavalasyen se yon Patriyòt.
Yon bon lavalasyen se yon bon Patriyòt.
Lavalas se Linyon fè la Fòs.
16 Desanm 2003/ dezyèm Kongrè Fanmi Lavalas



